- Konbyen mesaj vokal mwen ka konsève nan bwat vokal mwen ?
Bwat mesajri vokal la ka kenbe jouska 30 anrejistreman, ki dire 90 segond yo chak.
- Konbyen tan mesaj vokal mwen yo ka konsève ?
Men kijan mesaj vokal yo stoke :
- Mesaj ke ou tande yo ak anrejistre yo stoke pandan 14 jou, pou pi plis.
- Mesaj ke ou resevwa yo e ke’w poko tande yo stoke pandan 14 jou, pou pi plis.
- Mesaj ke ou tande men ke’w poko sere yo, stoke pandan 14 jou pou pi plis.
- Èske m’ka siprime yon mesaj vokal lè’m fin voye li ale ?
Non. Depi’w gen tan voye mesaj la ale, ou pap ka siprime’l ankò.
- Kòman m’ap fè konnen lè mwen gen yon mesaj vokal ?
Ou ap resevwa yon mesaj tèks ki ap enfòme’w ke ou gen on nouvo mesaj vokal.
- Opsyon "messages de date future" la, ki nan mesajri vokal la, kisa li itil ?
Opsyon "messages de date future" la pèmèt ou anrejistre, epi voye mesaj vokal nan yon dat ak yon lè egzat, nenpòt lòt jou aprè. Depi ou gen tan fikse dat ak lè ou vle a, moun lan ap resevwa mesaj la lè ou te pwograme a.
Moun lan pap konnen ni dat ni lè ou te kreye mesaj la.
- Opsyon "Sélection de la langue préférée" a, kisa li itil ?
Opsyon "sélection de la langue préférée" a pèmèt ou seleksyone lang ke ou ta renmen itilize a pou mesajri vokal ou.
- Ki lang ki disponib nan seleksyon an ?
Lang ou ap jwenn ki disponib yo se :
- Anglè
- Panyòl
- Fransè