Sèvis mesajri vokal Digicel la fasil pou itilize. Aksè a rapid, e verifikasyon mesaj yo gratis pou ni kliyan pòspeye nou yo, ni kliyan prepeye nou yo. Sèvis repons telefonik 24 è sou 24 ou a, ap pran otomatikman on mesaj nan plas ou, lè telefòn ou an an sèvis, etenn oubyen lè ou pa ka reponn, tou senpleman.
Pou’w pi alèz, Digicel mete an plas kèk transfè otomatik bay mesajri vokal ou, si telefòn ou an etenn, oubyen si’w pa reponn. Ou ap resevwa on mesaj tèks k’ap enfòme’w ke ou gen on nouvo mesaj vokal.
Gras a amelyorasyon ki fèt nan nouvo sistèm mesajri vokal la, ou ap ka jere bwat mesajri vokal ou a pi fasil. Ou ka pèsonalize bwat vokal ou a, pandan ke w’ap itilize nouvo fonksyon yo ki amelyore yo.
Men sa yo fè nan aktyalizasyon an:
- Mo de pas la reyinisyalize
- Aktivasyon oubyen dezaktivasyon mo de pas la
- Reyinisyalizasyon bwat mesajri a
- Mesajri vokal pou pwochèn dat yo
- Seleksyon lang prefere a.