Gid sa a ap ba ou 10 enstriksyon senp, etap aprè etap, sou fason ou kapab konfigire aparèy Alcatel ou a, pou’w ka gen aksè a sèvis “4G LTE’ a.
Pran nòt : Kapti imaj yo depann de difikilte ki genyen an. Chif ansanm ak kèk lòt enfòmasyon kapab chanje, tou depann de kote ou twouve ou a.
Etap 1. Asire ‘w ke aparèy MIFI ou an limen, e ke l’ konekte nan yon PC apati de yon kab USB.
Si koneksyon an reyisi, w’ap wè senbòl sa a ki anba a.
Etap 2. Nan yon nouvo fenèt nan paj entènèt la, antre adrès ki anba a pou w’ ka gen aksè ak anndan aparèy la.
Adrès :192.168.1.1
Paj k’ap pèmèt ou gen aksè a anndan telefòn lan dwe parèt yon kote, ou ap kapab wè ekran ki afiche anba a.
Etap 3. Klike sou opsyon “ Log in” lan, ki parèt anwo a dwat ekran an, aprè antre modpas la ki anba a .
MODPAS : admin
Etap 4. Chwazi “ Paramètres”
Etap 5. Chwazi “Gestion du profil” avèk “ Nouveau”, pou w’ ka kreye yon pwofil.
Etap 6. Antre enfòmasyon yo egzakteman jan ou wè yo di w la pi ba a, apre sa chwazi bouton ki ap pèmèt ou anrejistre a.
Lè’w fin chwazi “sauvegarder”, ou ap wè ekran ki anba a; klike “ok”.
Etap 7. Chwazi nouvo pwofil ke ou te kreye a, “Digicel Web”, nan meni k’ap dewoule nan “Gestion des profils”.
Etap 8. Lè’w fin chwazi “Digicel Web” kòm pwofil, klike sou “Définir la valeur par défaut”jan yo montre w lan.
Etap 9. Chwazi “ Mode de réseau”, kote w’ ke w’ pral wè tout opsyon sa yo ki anba a .
Etap 10. Chanje mòd rezo a, pase de “Auto” a “3G uniquement”, klike sou “Appliquer”. Pou’w fini, klike sou “Sélectionner”, pou’w ka wè ekran ki pi ba a afiche :
Chwazi "Déconnecter"pou’w chanje paramèt yo, aprè klike sou “OK”.
Tout bagay sa yo fin fèt, nou kapab aktive kounya mòd koneksyon an pandan n’a swiv etap sa yo.
Etap 11. Chwazi “Mode de connexion”
Etap 12. Klike sou bouton ki parèt pi klè a, pou’w soti nan "Déconnecté" pou w rive "Connecté".