Digicel ofri yon latriye sèvis pou satisfè pi byen tout bezwen tout kliyan nou yo. Se sèl ou menm ki kapab mete sèvis sa yo sou nimewo w’ la oubyen ou ka mande yon reprezantan sèvis fè l’ pou ou tou. Ou kapab genyen frè enstalasyon ki parèt sèlman sou premye fakti w’ yo rele yo "frais uniques".
Selilè:
Sèvis sa yo se egzanp sèvis ki kapab fè fakti telefòn selilè w’ parèt pi wo:
- Plan roaming standa a ak tout lòt sèvis ou itilize pandan ou pa nan peyi a
- Plan roming pou Karayib la ak tout lòt sèvis ou itilize pandan ou nan Karayib la
- Sèvis fè yo pale a ak 6411
- Telefòn selilè ou achte
- Limit kredi w’ ak si pri plan wap itilize a change
Ou dwe konnen abònman ou genyen an, ba ou yon valè minit, megabay ak SMS, si ou rive sèvi ak pi plis ke sa ou genyen nan abònman an, oubyen ou te deja gen yon limit kredi depi nan siyen kontra a, frè anplis sa yo ap parèt sou fakti w’ la. Anplis ankò si ou fè roming san w’ pat gen yon plan roming aktive frè sa yo tou ap parèt sou fakti w’ la. Tout sitiyasyon sa yo ap lakòz fatkti w’ pi wo ke sa l’ te dwe ye a.
PBX / TIC :
Pwodwi ak sèvis sa yo se egzanp ki kapab fè fakti PBX ou pi wo:
- Materyèl ki lwe
- Lisans
- Materyèl anplis
- Limit kredi w’plis
Fibre to the Business (FTTB) :
Pwodwi ak sèvis sa yo se egzanp ki kapab fè fakti Fib ou pi wo:
- Demand adrès IP statik
- Chanjman lokal
- Materyèl anplis