Si telefòn ou an bloke, li ka mande’w pou’w antre kòd PUK a pou’w ka debloke.
Ou ap jwenn kòd PIN ak PUK a sou plakèt sim lan, key o te ba ou a lè ou t’ap achte li a. Gen PUK 1 ak PUK 2yo la pou ede’w sekirize kòd PIN sim lan. Ou ka itilize yo pou’w debloke kòd PIN kat sim ou ki bloke.
Si ou pa gen plakèt sim lan avèk ou, ou ka pale ak yon ajan; pou’w ka fè sa, klike sou opsyon “Live Chat” la k’ap flote nan ekran telefòn ou an. Oud we bay ajan an non ak enfòmasyon ki lye ak idantite mèt kont lan; oubyen dat aktivasyon kat sim lan.
Kòman mwen ka aksede a PIN mwen ak PUK sim mwen an :
Etap 1. Vire plakèt sim nan do.
Etap 2. Avèk yon pyès monnen, grate Dousman pati ki gri a jan yo endike li a, pou’w ka wè kòd PIN ak PUK ou a.
Pran nòt : Imaj ekran yo afiche selon demand ou an- Chif y oak kèk lòt enfòmasyon ka chanje selon kote ou ta twouve ou a.