Si ou pa rive voye mesaj tèks, eseye youn nan solisyon sa yo pou pwoblèm mesaj ki rive souvan yo :
- Èske gen ase de lajan sou kont lan ?
- Tip mesaj la, èske li byen defini ?
- Èske telefòn lan gen bon nimewo sant mesajri a oubyen sant sèvis la ?
- Èske mwen antre bon nimewo a ?
- Èske telefòn lan gen ase espas nan bwat resepsyon an, pou li ka resevwa yon mesaj ?
- Èske gen ase de lajan sou kont lan?
Yon mesaj tèks gen 160 karaktè. Si mesaj la depase 160 karaktè, l’ap parèt sou on dezyèm paj sou telefòn lan, oubyen on dezyèm mesaj. An konsekans, asire’w ke ou gen ase de lajan sou kont ou, paske y’ap faktire’w pou chak paj oubyen pou chak mesaj ou voye.
- Èske tip mesaj la byen defini ?
Telefòn entèlijan yo pèmèt ou voye mesaj (SMS). Si ou pa ka voye mesaj, verifiye paramèt SMS ou ann e asire’w ke mesaj ke ou ap voye yo defini sou SMS oubyen tèks. Plizyè telefòn ofri paramèt diferan, verifye tip paramèt telefòn lan avèk gid telefonik nou an.
Pran nòt : « Helpforsmartphone » se pa yon sit Digicel, ou ap peye frè entènèt.
- Èske telefòn lan gen bon nimewo sant mesajri a oubyen sant sèvis la ?
Telefòn ke yo achte sou lòt rezo yo, oubyen a letranje yo, konfigire jeneralman avèk paramèt ki fonksyone spesifikman pou rezo sa a. Se sa ki eksplike rezon ki fè ke kèk fonksyon telefòn lan pa ka fonksyone ak Digicel. Youn nan paramèt sa yo se nimewo sant mesajri a, ki garanti ke mesaj yo ale, oubyen rive. Ale nan paramèt SMS ou MMS, e asire’w ke nimewo sant mesajri a oubyen sant sèvis la sou : +18763808853. Paramèt mesaj la dwe defini tou sou GSM, pa sou GPRS.
- Èske mwen antre bon nimewo a ?
Lè ou voye yon SMS bay yon nimewo entènasyonal, asire’w ke ou itilize bon endikatif rejyonal la. Gen kèk peyi ki egzije yon siy + devan nimewo a. Pa egzanp : +12124567891. Gen kèk lòt ki egzije yon endikatif entènasyonal ki se 011, avan endikatif rejyonal la ; pou mesaj la ka ale. Pa egzanp : 011-44-1534-282-300 (Pou Wayòm Ini). Menm kòd ki itilize pou rele moun lan, ka itilize tou pou’w voye yon mesaj ba li.
- Èske telefòn lan gen ase espas nan bwat resepsyon an, pou li ka resevwa yon mesaj ?
Si ou pa rive resevwa mesaj, asire’w ke ou gen ase espas nan bwat resepsyon’w lan. Efase mesaj ke ou pa bezwen yo ankò. Ou ka efase tout sa ou voye ale yo tou, oubyen ou vide dirèkteman bwat ki kenbe mesaj ou voye ale yo.