APN nan se posibilite ki pèmèt telefòn ou aksede a entènèt, san difikilte e kòm sa dwa; tankou ou t’ap itilize yon òdinatè. Si entènèt ou pa fonksyone lè ou mete kat sim ou an, verifye paramèt APN ou an, oubyen paramèt entènèt telefòn mobil ou a.
Men kòman ou ka ajoute APN lan (paramèt entènèt lan) nan pi fò aparèy :
- Ale nan Paramètres > Autres réseaux > Réseaux mobiles > Noms des points d'accès.
- Seleksyone Ajouter.
- Tape "web.digicelha.com" nan espas APN lan. Li pa nesesè pou’w mete okenn non itilizatè oubyen modpas. Depi ou fin mete enfòmasyon yo, seleksyone : Plus > Enregistrer.
- Alafen , seleksyone nouvo pwen aksè entènèt ou fèk mete a, epi etenn telefòn lan relimen l’.
Telefòn yo gen reglaj diferan. Pou telefòn ou an, ou ka chwazi youn nan opsyon sa yo pou gide’w pi lwen :
Android![]() |
Apple![]() |
Blackberry![]() |
Windows![]() |
Android
Etap 1. Seleksyone "Apps" epi ale nan "Paramètres".
Etap 2. Seleksyone "More or More/Cellular Networks".
Etap 3. Seleksyone "Mobile Networks", epi "Access Point Names" oubyen "APN".
Etap 4. Remete tout enfòmasyon yo nòmalman, epi seleksyone "Réinitialiser" pou’w ka konfime.
Etap 5. Ajoute APN lan : web.digicelha.com.
Etap 6. Seleksyone "default" kòm tip APN. Seleksyone "Plus" epi "Enregistrer".
Etap 7. Redemare telefòn lan.
Apple
Etap 1. Ale nan "Paramètres".
Etap 2. Ale nan "Données mobiles/cellulaires", seleksyone "Options de données mobiles/cellulaires".
Etap 3. Seleksyone "Réseau de données mobiles/cellulaires".
Etap 4. Seleksyone "Réinitialiser les paramètres" epi "Réinitialiser".
Etap 5. Retounen nan meni an "Options de données mobiles". Seleksyone "Réseau de données mobiles/cellulaires".
Etap 6. Nan espas APN lan, mete : web.digicelha.com.
Etap 7. Redemare telefòn ou an.
Blackberry
Etap 1. Seleksyone "Tout".
Etap 2. Seleksyone "Options".
Etap 3. Fè ekran an defile epi seleksyone "Dispositif”. Fè asansè a defile jiska "Paramètres système avancés”, epi tout seleksyone.
Etap 4. Fè asansè a defile jiska "TCP IP", epi tou seleksyone l’.
Etap 5. Koche ti kaz "APN Settings Enabled" lan (“Paramètres APN actives”).
Etap 6. Antre nan sit web la : “web.digicelha.com.”
Etap 7. Seleksyone "Bouton d'option" epi seleksyone "Enregistrer".
Etap 8. Redemare telefòn lan.
Windows
Etap 1. Pozisyone’w agoch nan ekran an.
Etap 2. Fè asansè a defile jouska “ Paramètres” epi tou seleksyone l’.
Etap 3. Seleksyone "Réseau & sans fil" epi "Mobile & SIM".
Etap 4. Fè asansè a defile pou w jwenn "Paramètres SIM" epi chwazi l’.
Etap 5. Fè asansè a defile pou w jwenn "Public". Seleksyone "Ajouter un APN Internet".
Etap 6. Antre nan sit web la : web.digicelha.com.
Etap 7. Fè asansè a defile pou w jwenn "Enregistrer" epi tou chwazi l’.
Etap 8. Redemare telefòn ou.
Si ou te swiv enstriksyon ke nou site pi wo yo la, e ke ou toujou pa kapab itilize entènèt ou, ou ka toujou kontakte ekip nou an : “Corporate Care” nan nimewo 102, a pati de yon telefòn Digicel. Oubyen soumèt yon tikè a la.