Pou nou ka ede’w redwi itilizasyon entènèt sou telefòn ou, men kèk enfòmasyon k’ap itil ou sou kantite entènèt ki disponib sou telefòn ou.
Si entènèt ou aktive, yo ka fè’w peye pou aplikasyon ki rete limen ke ou pap sèvi avèk yo a. Entènèt de baz la, se entènèt ke aplikasyon yo ap itilize tout tan; menm lè telefòn ou ta nan pòch ou, oubyen menm lè ou ap dòmi. Gen kèk apliksayon, tankou My Digicel, ki pa itilize entènèt konsa. Men, pi fò aplikasyon yo pa gratis. Ou ka konnen ki aplikasyon k’ap itilize entènèt konsa, pandan ke ou ap verifye nan paramèt telefòn ou nan “données mobiles.”
Lè ou dezaktive sèvis entènèt lè’w pap itilize yo, sa ap evite’w peye on lajan ke ou pat atann pou entènèt.
Klikse sou senbòl ”Android”/”Apple” pou’w ka gen plis detay :
Android | iPhone |
![]() |
![]() |
Pou “Android”:
Etap 1. Ale nan "Paramètres".
Etap 2. Seleksyone "Utilisation des données" (Settings)
Etap 3. Dezaktive fonksyon "Données mobiles/cellulaires".(Data Usage)
Kounya ke ou fin dezaktive entènèt telefòn ou, ou ap fè ekonomi e sou entènèt, e sou lajan. Men, lè entènèt ou reyaktive, aplikasyon yo ap tou limen e y ap itilize nan megabay ou.
Men kèk konsèy pou limite itilizasyon entènèt ke ou pap sèvi yo :
Pou “Android” yo, ou ka fè’l pandan ke ou prale nan Paramètres > Utilisation des données > Activer l'économiseur de données.
Etap 1. Seleksyone "Economiseur de données" (Data Saver).
Etap 2. Aktive “ l’économiseur de données”.
Ou ka fè’l tou pou chak aplikasyon yo, pandan ke ou prale nan Paramètres > Applications (selon vèsyon ”Android” ou genyen an).
Etap 1. Seleksyone "Utilisation de données mobiles".
Etap 2. Seleksyone apliksayon an apa.
Etap 3. Si entènèt de baz la aktive, seleksyone bouton k’ap pèmèt ou dezaktive li a. Bouton an ap vin gri lè li dezaktive.
Ou kapab chanje tou paramèt senkwonizasyon pou sèvis “Google” nan Paramètres > Comptes > Google >; seleksyone kont lan, epi dekoche tout sèvis ke ou pa vle key o senkwonize otomatikman.
Pou “iOS”
Etap 1. Ale nan "Paramètres".
Etap 2. Seleksyone "Mobile/Cellulaire".
Etap 3. Dezaktive fonksyon "Données mobiles/cellulaires".
Men kèk konsèy pou limite itilizasyon entènèt ke ou pap sèvi yo :
Pou “IOS” yo, ou ka fè’l pandan ke ou prale nan Paramètres > Général > Rafraîchissement de l'application d'arrière-plan.
Ou ka fè’l tou pou chak aplikasyon yo, pandan ke ou prale nan Paramètres > Mobile/Cellulaire > Données cellulaires. Lip posib tou pou’w dezaktive asistans WIFI a nan Paramètres > Mobile/Cellulaire > Données mobiles/cellulaires.