Ki limyè ou wè sou woutè Digicel ou a ?
Sèl limyè ou ta dwe wè sou woutè a, se vèt. Si ou ta wè limyè wouj k’ap klinyote sou aparèy la, sa ta vle di ke ou ap pèdi siyal oubyen sèvis. Verifye byen, nan ka sa a, si tout kab yo byen konekte nan woutè a. Si malgre sa, limyè wouj yo toujou ap klinyote, ou ta dwe kontakte ekip asistans nou an ki se : « Digicel Fiber ».
Kòman ou konn eseye konekte ou a ONT, avèk fil oubyen san fil ?
Si ou konekte a pati de yon koneksyon avèk fil, asire’w ke koneksyon an sou pati PORT LAN 1 oubyen PORT LAN 2 a ; paske PORT 3 avèk PORT 4 la gen tan dezaktive. Asire’w ke tout kab LAN yo konekte kòrèkteman nan ONT a, avèk akseswa ki deyò yo. Si ou konekte san fil, ou ka toujou f’on kou dèy nan konsèy yo bay sou depanaj yo, nan dokiman yo te gen tan ekri pou dosye sa yo.
Èske ou konn itilize lòt woutè ki konekte nan aparèy nou an ?
Pou’w ka elimine tout posibilite kote ke siyal ou ka fèb, konekte ou dirèkteman sou woutè HUAWEI la, (sa Digicel bay la), pou’w ka rezoud difikilte a.
Èske fakti ou yo a jou ?
Si fakti ou yo pa a jou, ou ap gen difikilte o nivo de sèvis la. Verifye aplikasyon My Digicel la, pou’w ka asire’w ke kont ou a jou . Oubyen, pa ezite kontakte ekip sèvis kliyan nou an nan 102 a pati de yon telefòn Digicel, oubyen klike la.