Si idantifyan w’ pa change, enfòmasyon wap gen bezwen yo se enfòmasyon ki anba aparèy ou itilize pou w’ jwenn siyal Wi-Fi a (routè a). Si modpas la change, ou kapab konekte w’ dirèk ak yon kab nan pò LAN 1 routè a pou w’ ka konekte sou paj administrasyon an pou w’ jwenn aksè change modpas la si ou vle.
Lè w’ ekri adrès routè a sou ba rechèch navigatè w’ la, wap jwenn aksè ak paj koneksyon an, Pi souvan li se: http : 192.168.100.1
Paj aksè a :
Idantifyan ak modpass ki deja egziste si w’ poko change yo ta dwe :
IDANTIFYAN - Digicel
MODPAS- Digicel
REMAK- Si sa pa mache, oubyen si w’ pa kapab konekte sou paj koneksyon di deja egziste a, nap envite w’ reyinisyalize routè a. Sa ki ap pèmèt ou efase tout enfòmasyon koneksyon ki te fèt anvan yo pou w’ kapab retounen jwenn premye identifyan ak modpass ou te tou jwenn ki egziste lè w’ tap itilize aparèy la premye fwa. Pou w’ fè sa pran yon tronbòn, peze bouton RESET la ki sou kote routè a.