Yon nimewo resikle se yon nimewo telefòn selilè ki te pou yon kliyan Digicel, kliyan sa te fè yon bon tan pa rechaje l’ ( an jeneral 120 jou + tan antèn ke dènye rechaj li te fè a te ba li), nimewo a ekspire nan yon premye tan apre li resikle epi li reyitilize.
Si ou gen yon nimewo resikle nan men w’, sa ka rive ou resevwa apèl ak SMS de moun ou pa rekonèt.
Ou ka chwazi:
- Bloke nimero konsène a sou telefòn ou
- Enstale aplikasyon True Caller a pou w’ bloke spam/ apèl ak mesaj yo. Telechaje aplikasyon an la.
- Pran yon nouvo kat SIM. Ou ka achte kat SIM sou Digicel retail stores oswa direkteman nan yon magazen Digicel. Yon kat SIM koute 70.00 HTG
Aplikasyon True Caller a ka ba ou anpil enfòmasyon itil sou difikilte ou ka rankontre ak telefòn ou. Pa bliye ke se pa yon aplikasyon Digicel kidonk wap chage pou entènèt.