Pou’w ka aktive oubyen dezaktive modpas mesajri vokal ou :
Etap 1. Konpoze 123 a pati de telefòn ou an.
Etap 2. Antre modpas mesajri vokal ou a.
Etap 3. Seleksyone opsyon 4 la pou’w aktive oubyen dezaktive (elimine) modpas mesajri vokal ou a.
Etap 4. Seleksyone opsyon “1” pou’w aktive oubyen dezaktive modpas ou a.
- Si ou dezaktive modpas ou, yo pap mande’w pou’w antre li, depi’w te gen tan konpoze 123.
- Si ou dezaktive modpas ou a, pase plis ke 5 tantativ ki pa bay anyen, ou pap gen aksè ak bwat mesajri vokal ou pandan on ti tan. Si ou bliye modpas ou, fè demand lan la pou nou kapab reyinisyalize li pou ou.
Remak : Pou rezon sekirite, ou dwe toujou antre modpas ou lè ou pral an “roaming”; oubyen lè ou pral aksede a mesajri vokal ou a pati de yon lòt telefòn.