Si apèl ou yo pa klè, yap koupe tazantan, gen bri parazit ladan yo, men kèk etap ou ka swiv pou w’ rezoud difikilte sa.
Etap 1. Premye sa pou w’ fè se asire w’ ke ni kab Ethernet yo ni kab telefòn yo byen konekte nan kote ki fèt pou sa yo paske sa ka lakòz apèl yo pa klè, sa kapab defòme vwa moun kap pale yo tou.
Dekonekte epi rekonekte chak pwent kab yo si w’ wè sa merite fèt pandan wap veye yo byen konekte nan plas yo dwe ye a.
Etap 2. Eseye chanje kab pou w’ wè si sa pap amelyorel kalite sèvis la. Veye pou se pa trò long kab yo trò long tou. Egzanp, si kategori 5 lan ( Kat5 lan souvan sanble ak 2 kab ki makonnen ansanm) pa pi long pase 100 mèt.
Etap 3. Asire w’ kouran rive nan route a ak kote ou kontwole koneksyon an epi asire w’ tou entènèt la mache byen sou yo. Mwayen ki pi fasil pou w’ verifye sa se lè w’ teste vitès ak kalite koneksyon entènèt la sou lòt laptòp ou chwazi sou chans nan rezo aparèy ou yo.
Si difikilte a pèsiste malgre ou fin swiv etap sa yo, nap envite w’ kontakte sèvis asistans antrepriz la nan 102 si wap itilize yon nimewo Digicel oubyen fè yon demand la.