Yon branch SIP se yon koneksyon kap pèmèt ou senpleman fè resevwa apèl epi fè apèl pandan wap itilize protokòl SIP a (apèl sou IP/VOIP).Majorite PBX nòmal oubyen modèn ki sou protokòl IP yo kapab aksepte yon branch SIP.Liy rezo SIP yo gen yon pi gro kapasite pou fè ak resevwa apèl an menm tan tankou yon E1 oubyen yon T1.Kapasite branch SIP detèmine pa lajè band ke yo ba ou ansanm ak lisans ke ou genyen.Sa vle di,branch SIP a kapab pran an chaj plis pase 30 apèl an menm tan.
Pou konfime ke PBX ou genyen an reponn ak egzijans pou enstale branch SIP a, kontake asistan ou an oubyen yon enjenyè Digicel kap fèw konnen ou ka kontakte nou la.