Etenn epi relimen telefòn ou se youn nan mwayen ki pi senp epi ki bay plis rezilta lè w’ bezwen retabli koneksyon rezo a pou ou ka asire w’ ke sèvis apèl, sms ak intènèt ou fonksyone byen.
Men kèk rezon ki ka koz ou pa rive anregistre sou rezo a:
- Kat SIM nan mal mete.
- SIM nan degrade.
- Kat SIM nan pa aktif.
Men kèk etap kap ede w’ asire w’ ke kat SIM nan byen mete nan telefòn nan:
Etap 1. Selon aparèy ke wap itilize a verifye ki modèl kat SIM li pran
Twa (3) modèl ou jwenn pi souvan yo se: Nòmal, Mikro et Nano.
Etap 2. Verifye anplasman plato SIM nan epi mete l’ nan menm pozisyon ak makè kat SIM nan jan li parèt anba a:
Etap 3. Verifye ke kat SIM nan pa degrade.
Si pati ki gen koulè lò a grave, si kat SIM nan pliye oswa li kase, sa ap fè telefòn nan pa rekonèt kat SIM nan sa ki ap lakoz li pap konekte sou rezo a.
Men kèk egzanp mesaj erè ou ka jwenn lè kat SIM nan pa bon ankò oubyen degrade:
Nan ka SIM nan degrade, nap konseye w’ pase nan yon magazen Digicel pou w’ fè yon ranplasman kat SIM. Sa ap pèmèt ou toujou gen menm nimewo telefòn nan pandan ke li transfere sou yon lòt kat SIM ki fonksyone byen.
Etap 4. Asire w’ ke ou gen yon plan entènèt aktif sou telefòn ou pou w’ itilize sèvis LTE a.