Nan Digicel nou vle ou byen jwi plan entènèt ou an – men pi bon konsèy pou ede w gen kontwòl ak rete konekte.
[1] Apèl vokal ak videyo sou WhatsApp ak Facebook itilize anpil megabay.
Apèl ke ou fè sou WhatsApp,Facebook oubyen lòt aplikasyon ki menm jan yo,itilize anpil megabay konpare ak yon apèl nòmal.Klike la pou w jwenn plis enfòmasyon sou itilizasyon megabay ou yo ak kèk lòt egzanp konsomasyon.
[2] Fèmen aplikasyon an background yo
Aplikasyon tankou Instagram,Facebook ak YouTube itilize done an background.Pou w konnen kijan pou w dezaktive yo,klike la.Se yon bon lide tou si ou dezenstale aplikasyon ou pap itilize yo;l ap ede w gen espas ak jere lavi batri telefòn ou an.
[3] Sonje byen : aplikasyon videyo ak mizik difizyon yo itilize plis megabay ke tout lòt aplikasyon yo
Gade videyo ak tande mizik sou YouTube,Instagram ak Facebook konsome anpil megabay.Kantite megabay ou itilize pou mizik ak videyo yo disponib la.
Telechaje kontni sou Wi-Fi, ak koute oswa gade kontni offline se yon fason kap pèmèt ou redwi konsomasyon done aplikasyon sa yo.Dekouvri D’Music kap ofri w posiblite telechaje epi koute menm lè ou offline.
[4] Désactivez les notifications pour les applications que vous n'utilisez pas.Dezaktive notifikasyon aplikasyon ke w pap itilize
Smartphone ou an sèvi ak done ni pou mesaj notifikasyon yo ni pou mizajou yo.Ou ka diminye itilizasyon done sa yo,lè ou fèmen notifikasyon yo.Opsyon sa ka chanje nan seksyon “Paramètres” telefòn ou an epi devine kisa? Ou ka chwazi ki aplikasyon ou vle/ou pa vle resevwa nofikasyon.
[5] Sèvi ak MyDigicel epi mete limit pou kontwole itilizasyon done ou yo.
Sèvi ak MyDigicel app pou w pi byen jere itilizasyon done ou yo.Klike la pou w aprann kijan.Ou kapab tou mete yon limit done epi swiv itilizasyon telefòn ou nan “Paramètres”.Gade etap yo la.
[6]Fèmen paramèt pa defo yo tankou lekti otomatik ki sou aplikasyon yo ak aparèy yo.
Aplikasyon tankou Facebook,WhatsApp ak Instagram itilize done ki parèt nan kontni ou yo lè yo li videyo otomatikman.Pou w itilize mwens megabay, ou kapab dezaktive opsyon videyo otomatik la sou platfòm rezo sosyal yo lè w chwazi aplikasyon an epi “Paramètres” epi “Utilisation des données”. Menm jan an pou kont imel ou pa itilize trè souvan yo,fèmen notifikasyon yo paske telefòn ou itilize done pou senkronize ak enfòme w lè w resevwa nouvo imel detanzantan,sof si ou modifye paramèt la.
[7] Itilize Wi-Fi pou w telechaje, fè mizajou aplikasyon ak gwo fichye.
Mizajou ak telechajman aplikasyon ogmante konsomayon done ou yo.Ou kapab modifye fason telefòn ou an jere mizajou yo nan paramèt yo epi chwazi «confirmer les mises à jour» epi mete l sou «mise à jour via Wi-Fi uniquement».
[8] Fèmen done mobil ou yo pandan wap domi, Itilize Wi-Fi pi souvan.
Men lè ou pa sou telefòn ou, ap toujou gen aktivite tankou mizajou aplikasyon yo oubyen notifikasyon wap resevwa.Pou w fè ekonomi megabay,dezaktive done mobil ou yo epi konekte w sou Wi-Fi(pi souvan)lè w ap domi.Pa bliye ou kapab retounen itilize entènèt ou nenpòt kilè.
[9] Anrejistre done yo-Fèmen kat,navigasyon ak lokalizasyon yo
Menm lè ou pa itilize aplikasyon ou yo,sèvis lokalizasyon yo itilize sous tankou Wi-Fi ak entènèt sou telefòn ou pou yo voye enfòmasyon lokalizasyon yo pi rapidman ak plis presizyon.Pou evite peye frè megabay ki pa nesesè,dezaktive sèvis lokalizasyon yo nan paramèt yo.
[10] Asire w ou gen yon bon plan
Si ou ap plede depase kantite megabay yo ba ou yo panse pran yon plan ki pi wo.Konsilte lis plan nou yo la
Pou plis konsèy, ale sou baz konesans nou an epi gen kontwòl kont ou,pouki ou pa tou telechaje MyDigicel.