Sa ka gen rapò avèk konfigirasyon san fil modèm ONT a.
Ou ka konekte ak modèm ONT a pou’w verifye kanal Wifi a, lajè kanal la epi sistèm (domèn) ki pou fè reglaj la.
- Domèn lan dwe :”Trinité-et-Tobago “
- Lajè kanal la : - 20 MHz ou 20/40 MHz otomatik
- Chanèl : Pati sa a toujou sou “automatique”, men li ap nesesè si li ta tou sou “spécifique”, pou siyal la ka stab.
Ou ka telechaje yon aplikasyon sou telefòn entèlijan ou, ki ap analize kanal Wifi yo ki nan rejyon an, pou’w ka pran pi bon desizyon an. Ou kapab tou fè yon vitès. Men kèk etap pou’w suiv pou’w kapab genyen pi bon vitès yo :
- Etap 1. Dezaktive woutè a pandan on ti moman, 30 a 60 segond.
- Etap 2. Konekte ou dirèkteman nan aparèy la avèk on kab LAN, nan pati LAN 1 an oubyen LAN 2 a. Li t’ap pi bon si tès la fèt a pati de yon koneksyon a fil olye de youn san fil; paske san fil la pap bay bon rezilta sa yo.
- Etap 3. Ouvri yon nouvo paj pou’w ka navige (Firefox/Chrome oubyen Safari)
- Etap 4. Asire’w ke tout aplikasyon ki egzije yon koneksyon yo fèmen sou PC an, pa egzanp : sa k’ap fè telechajman yo, videyo yo e latriye.
- Etap 5. Ale sou sit web sa a- http://www.speedtest.net.
- Etap 6. Lè telechajman an prè, mete pwent souri a sou senbòl vè ki nan ekran an.
- Etap 7. Nan lis k’ap dewoule a, selksyone “DIGICEL CHAGUANAS” epi tès la ap kòmanse.