Men kèk konsèy k’ap itil ou, pou lè’w an deplasman ; lè ou an mòd “roaming”.
- Aktive youn nan plan “roaming”nou yo. Pou’w ka gen plis detay, klike la.
- Evite fè apèl ou pa bezwen lè ou an mòd “roaming”. Fè kontak ou yo konnen ke ou a letranje.
- Evite peye lajan pou aplikasyon k’ap itilize megabay yo, ke ou ap pap itilize yo; pandan ke ou ap dezaktive “données mobiles” yo. Si “données mobiles”yo aktive, alòs ke ou konekte sou wifi, telefòn ou an ka itilize entènèt yo, si wifi a fèb. Lè sa rive, ou ap peye frè megabay yo selon pri “roaming”lan.
- Mete’w sou on mòd “roaming”. Ozetazini, rezo “roaming” yo plis itilize yo se : AT&T ak T Mobile. O Kanada, se : Rogers, Bell ak Telus. Gade kijan ou ka chanje rezo ou a, pi ba a.
- Pa bliye enskri nimewo telefòn lan, selon model nimewotasyon peyi, oubyen vil ou twouve ou a. Pou pi senp, anrejistre nimewo yo sou fòma entènasyonal. Pa egzanp, pou nimewo ozetazini yo, anrejistre kontak yo konsa : +147956323333.
- Pa bliye mache ak telefòn ou, chajè’w ak adaptè’w lè ou ap vwayaje.
- Nou ap konseye’w ranje telefòn ou nan ti sak a men ou, lè ou ap vwayaje; e toujou etèn telefòn ou lè ou pral monte avyon .
- Si ou ta pèdi telefòn ou, oubyen kat sim ou, pandan ou an mòd “roaming”, kontakte nou rapid.
Avan ou antre nan mòd “roaming” lan, asire’w ke ou anile tout transfè apèl ak tout transfè mesajri vokal; pandan ke ou ap konpoze ##002# send.