Pwoblèm ki rive pi souvan yo ki konn afekte moun ki enskri nan rezo yo se :
- Kat sim lan pa byen rantre nan telefòn lan
- Kat sim lan ka andomaje
- Kat sim lan pa fonksyonèl oubyen li ekspire.
Men kèk etap ki ka fè’w konnen ke sim lan byen rantre nan telefòn lan :
Etap 1. Tou depan de telefòn lan, konfime tip sim ki ka enstale anndan li an.
3 tip sim ke ou ap rankontre pi souvan yo se : sim nòmal la (standa a), mikwo epi nano.
Etap 2. Verifye anplasman plato kat sim lan, epi enstale sim lan egzakteman jan ti tras yo endike l’ la, nan imaj ki pi ba a :
Etap 3. Asire’w ke kat sim lan pa andomaje.
Si pati ki klere nan kat sim lan griji, oubyen si sim lan pliye oubyen kase, sa ka anpeche telefòn nan li sim lan ; sa ki ap koz ke li pap ka konekte sou rezo a. Men kèk egzanp erè ki konn rive, lè sim lan kòmanse fini oubyen andomaje :
Nan ka kote ke sim lan andomaje, li ap nesesè pou’w fè yon ranplasman. Sa ap pèmèt ou konsève nimewo telefòn ou an, lè ou t’a fè yon transfè vè yon lòt sim k’ap fonksyone. Ou ka toujou vizite youn nan magazen nou yo, pou finalize tranzaksyon sa .
Etap 4. Konfime ke sim lan ekspire oubyen pa fonksyonèl Ou ka konfime eta kat sim lan, pandan ke ou ap konpoze *120# epi voye l’ ale tankou on apèl. Ou ka itilize tou My Digicel sou telefòn ou, oubyen « Self Care » sou sit web la, k’ap afiche eta sim lan.
Ou ka afiche nimewo telefòn ou ak dat ekspirasyon frè sèvis kat sim ou an. A chak fwa ke ou rechaje telefòn ou an, ou pèmèt sim lan jwenn plis tan pou li rete aktif. Si ou reyalize ke pwoblèm lan toujou la, kontakte nou nan adrès sa : https://digicelgroupbusiness.freshdesk.com/support/home.
Remak : Imaj ekran yo gen rapò avèk vèsyon aktyalize pou aplikasyon an. Yo afiche selon demand ou an, chif yo ak kèk enfòmasyon ka chanje selon kote ke ou ta twouve ou a.