Ou kapab renouvle, oubyen elimine yon renouvèlman otomatik; epi aktyalize on plan entènèt sou My Digicel.
o Mwen vle renouvle yon plan
o Mwen pa vle renouvle plan mwen an
o Mwen vle chanje/amelyore plan mwen an.
Renouvèlman
Etap 1. Seleksyone "Log In".
Etap 2. Antre nimewo telefòn ou an nan espas ke yo fè pou sa : seleksyone “Continuer”. Ou ap resevwa on kòd ak 4 chif pa SMS. Antre kòd sa a nan espas yo fè pou sa epi seleksyone “ Continuer”.
Etap 3. Ou ap tou konekte otomatikman. Seleksyone “ ”.
Etap 4. Seleksyone "Mes plans actifs".Ou ap wè plan an, oubyen plan yo ki actif sou kont ou. Si ou ta renmen ke plan ou renouvle otomatikman, oubyen elimine renouvèlman plan otomatik, oubyen aktyalize plan ou, ou ka fè li la.
Etap 5. Seleksyone "Renouveler".
Etap 6. Y’ap konfime’w renouvèlman plan an nan yon ti tan.
Eliminasyon renouvèlman otomatik la
Etap 1. Seleksyone "Log In".
Etap 2. Antre nimewo telefòn ou nan espas yo fè pou sa : seleksyone “Continuer”. Ou ap resevwa yon kòd ak 4 chif pa SMS. Antre kòd la nan espas yo fè pou sa epi seleksyone “ Continuer”.
Etap 3. Ou ap konekte otomatikman. Seleksyone “ ”.
Etap 4. Seleksyone "Mes plans actifs". Ou ap wè plan an oubyen plan yo ki aktif nan moman an sou kont ou. Si ou ta renmen elimine renouvèlman otomatik plan ou an, ou ka fè li la.
Etap 5. Seleksyone "Opt Out".
Etap 6. Pandan ke ou ap dezaktive plan an, li pap renouvle otomatikman; li ap ekspire nan peryòd ke yo te prevwa pou sa a. (Pa egzanp, yon plan pou on jounen valab pou 24è de tan)
Pran nòt: Imaj ekran yo koresponn ak vèsyon aktyalize aplikasyon an. Yo afiche selon demand ki fèt la- Chif y oak kèk lòt enfòmasyon ka chanje selon kote ou ta twouve ou a.
Pa bliye telechaje vèsyon aplikasyon ki aktyalize a, pou’w ka pwofite de tout itilite yo depi jodi a!