Yon kat SIM ke yo souvan rele SIM, genyen yon nimewo identifikasyon ke sèl mèt li genyen yo rele li anko “unite individuelle”. Li stoke done pèsonèl ou tankou SMS ak kontak ou. Si w’ retire l’ nan telefòn nan, aparèy la pap kapab konekte sou rezo a.
Mwen pa rive sèvi ak kat SIM mwen
Sa ka rive ou pa kapab itilize kat SIM ou pou anpil rezon:
- Yon rezo ka bloke telefòn ou. Si w’ te achte telefòn ou a nan yon lòt konpayi ou ta dwe kontakte konpayi sa pou w’ verifye sa avèl epi pou l’ kapab debloke l’ pou ou.
- Si SIM nan bloke, itilize kòd PIN nan oubyen kòd PUK a selon ka a pou w’ debloke l’. Kòd PIN ak PUK a nan do plakèt SIM ou an.
- Ou ka mal mete SIM nan anndan aparèy ou a tou. Ale nan ti liv ou te resevwa lè w’ tap achte aparèy la pou w’ konn kòman pou w’ metel sou li.
Sekirite kat SIM nan
Nou resewa kat SIM yo ak 2 nivo sekirite pou moun ki pa gen dwa, pa jwenn mwayen pou yo ale nan aprarèy ou ak nan enfòmasyon pèsonèl ou ki sou kat SIM nan.
Gen yon kòd PIN(Personal Identification Number) ki proteje tout kat SIM yo li se yon nimewo idantifikasyon pèsonèl. Ou resevwa kòd PIN sa jou ou achte SIM nan. Kòd PIN yo souvan gen 4 chif. Si w’ bliye kòd PIN ou oswa ou rantre l’ ak erè pandan 3 fwa, dezyèm mesi sekirite a ki se kòd PUK a aktive otomatik. Wap jwenn kòd PIN nan ak kòd PUK a sou plakèt ou te resevwa ak SIM nan lè w’ tap achte l’ la. Genyen yon kòd PUK1, yon kòd PUK2 pou ede w’ mete plis sekirite sou kòd PIN ou an. Ou kapab itilize l’ pou w’ delòk kòd PIN yon kat SIM ki bloke.
Dimansyon SIM yo
Genyen tout gwosè ak tout fòm telefòn, sa vin fè genyen plizyè gwosè SIM. Pou w’ konnen ki kalite SIM telefòn ou an pran, vizite sit www.GSMarena.com oubyen ale sou paj entènèt konpayi ki fè aparèy wap sèvi a. Anba a wap jwenn yon egzanp enfòmasyon ke nou pran sou http://www.GSMarena.com ki bay detay sou yon kalite SIM epi si aparèy la pran youn oubyen de SIM.
Sonje: GSM Arena pa yon sit Digicel, sa vle di wap gen pou w’ peye pou entènèt lè ou al sou li.