- Ou ka konekte on PC, oubyen on òdinatè pòtab, pandan ke ou ap branche on kab “Ethernet”nan tèt LAN 1 oubyen LAN 2 woutè an. Tèt LAN 3 ak 4 la tou dezaktive pou lòt pwodui ak sèvis ki ap gen bezwen yo.
- Si ou ta renmen konekte’w nan woutè san fil la, chèche SSID a (ki se non rezo entènèt san fil la), ki anba woutè a.
Yon lòt fason ki pi senp pou konekte aparèy san fil- pandan ke w’ap itilize WPS la!
Woutè a vini avèk yon bouton ki gen yon pwoteksyon WIFI sou li, ki pèmèt ou konekte yon aparèy ki konpatib ak WPS la.
Men kòman ou ka konekte’w a WPS la :
Etap 1. Jwenn epi chwazi non rezo san fil ou a, ki ap parèt nan ekran aparèy ke ou ap eseye konekte a.
Etap 2. Klike sou "Connexion automatique".
Etap 3. Apiye sou bouton WPS woutè a, nan nonb de tan yo endike pou’w fè sa. (10 minit pou pi plis).