Ou pa fin konprann jan w’ peye pou entènèt? Men kèk rezon ou kapab rankontre pi souvan nan sa ki gen awè ak frè entènèt epi men kòman ou kapab gere yo.
Frè entènèt
Pi bon fason pou w’ itilize entènèt sou telefòn ou se lè w’ achte yon plan entènèt. Pou w’ kapab konnen ki plan ki pi bon pou ou klike la. Lè w’ itilize entènèt san w’ pa aktive plan w’ap faktire sou kont prensipal ou. Si w’ pat aktive plan entènèt, ale sou aplikasyon MyDigicel la, nan istorik tranzaksyon w’, pou wè si w’ te peye pou entènèt ou te itilize a. Pou w’ jwenn plis detay sou kòman ou kapab verifye istorik tranzakson w’ yo klike la.
Si ou pap itilize yon signal Wi-Fi oswa si ou pap itilize entènèt, n’ap konseye w’ dezaktive done mobil ou yo pou w’ pa peye pou entènèt san ou pa konnen.
Plan entènèt ekspire
Lè plan entènèt ou ekspire oubyen ou pa gen ase lajan sou kont ou pou plan w’ lan ta renouvle otomatik, epi w’ toujou ap itilize entènèt; se sou kont prensipal ou w’ap faktire. (Depi w’ fin dakò peye piti piti - PAYGO)
Pou w’ konnen kòman pou w’ afiche plan ki aktif sou kont ou, kòman pou w’ anile ak aktive mizajou plan otomatik, klike la.
Pa kite plan entènèt ou ekspire
MyDigicel ap voye yon SMS ba ou lè plan w’ lan preske ekspire – Rete veyatif ak sa pou w’ konnen kilè pou w’ aktive yon nouvo plan. Si w’ gen dènye vèsyon MyDigicel la, l’ap posib pou w’ aktive yon nouvo plan entènèt.
Telechaje aplikasyon MyDigicel la depi jodia!